Nòdwès-Ensekirite : Plizyè moun blese yè swa nan Lakwà Sen Jozèf

2,566

06-17-2022

Lakwà Sen Jozèf, Ayiti____(TRiboLAND) Zafè ensekirite nan seksyon kominal Lakwa Sen Josèf la, toujou ap vale teren. Yè jedi 16 jwen 2022 a, ki se jou mache Lakwa, plizyè sitwàyen arive blese ak kout koulin; ajoute ak sa, yon chofè moto pran 2 katouch, youn nan men, youn nan pye paske li te refize bay moto taksi li.

Lakwa Sen Josèf tounen yon lanfè pou pwòp pitit li, se bandi kap kòmande; yo touye jan yo vle, yo mete dife nan kay moun, timachann tankou lòt biznis paka fonksyone. Bandi yo sezi 10 moto avanyè, e yo mande pou mèt yo rekipere yo kont ranson 50 000 goud. Gen yon mikro kredi anwo a ki rele AFEN Milti Sèvis, avanyè lajounen mesye yo bay yon anvlòp pou responsab biznis lan mete 250 000 Goud.

Jis koulya, Lapolis ak lòt otorite yo pa janm chita sou problèm Lakwa kap anpire chak jou ki jou pandan anpil moun ap kouri kite zòn nan.

Nap raple, Eric, se non youn pami gro chèf bandi kap fè e defè nan Lakwa Sen Jozef. Li ta sanble li te genyen bonjan konivans ak denye komisè gouvènman vil Pòdpè a.



Comments are closed.