Ansyen kandida pou pòs senatè Nòdès la, Duchêne Petit-Frère kritike absans otorite nan okazyon 250 lane pawas komin Valyè a.

949

01-24-2023

Valyè, Ayiti ___(TRiboLAND) Antreprenè Duchêne Petit-Frère ki tap pale nan mikwo TRiboLAND kritike absans otorite yo ak aktè politik yo nan okazyon 250 lane egzistans pawas Sen Vensan nan komin Valyè.

Ansyen kandida pou pòs senatè a, fè konnen pou li menm se inikman ansyen senatè Moise Jean Charles avèk li ke li te konstate ki te prezan nan fèt la kòm nèg politik. Mesye Duchêne ki fè konnen se sans responsablite otorite nou yo ki nan leta a pa genyen ki kòz Valyè e peyi an jeneral twouve’l nan eta’l ye a. Nan moman li tap pare pou kouri nan kous senatoryàl la, Petit-Frère te plede pou bay tout li menm pou wout Valyè te kapab amelyore. Daprè antreprenè a, li pa konnen pou ki rezon anyen pa fèt nan wout la malgre sa’l te bay la menm grate yo te kapab krate wout la menm ak men.

Antreprenè a deklare lap kontinye travay pou komin Valyè kapab avanse prensipalman wout la ki toujou sou kè l, lè’l gade nan ki eta kritik wout Akil Samdi nan Valyè twouve’l. Li ankouraje tout moun Valyè mete tèt ansanm pou kominote a kapab avanse nan pi meyè fason.

Ansyen kandida a di lap kontinye pale e lap travay pou kapab chanje kondisyon depatman an nan mezi’l kapab.

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com

Comments are closed.