Erold Férus ki se gro ekspè nan lalwà, eksprime enkyetid li pou fanmiy jounalis Ricardo Crib jwen jistis bò kote otorite lapolis ak lajistis yo nan Tigwav.

1,135

01-24-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Avoka militan nan Bawo Jiridiksyon Tigwav la, Mèt Erold Férus nan yon entèvyou li akòde TRiboLAND jounen lendi 23 janvye 2023 a, fè konnen li genyen gwo dout pou fanmiy Jounalis Ricardo Crib jwen jistis bò kote otorite lapolis ak lajistis nan dosye asasina anyen polisye revoke Jerry Acange Leconte fè sou defen an.

Mèt Erold Férus


Ekspè lalwà a, Erold Férus eksprime dout li, akòz li di, se pa pou premye fwa ansyen polisye revoke Jerry Acange Leconte Anderson ap komèt zak kriminèl sou yon seri jèn gason nan kominote a, epi pa jam genyen okenn aksyon ki poze bò kote otorite konpetant yo pou kanpe machin enfènal sa a kap plede bwè san jèn gason nan site souloukwaz la.

Jiris Erold Férus pa mete dlo nan bouch li pou denonse manb sektè Tigwav la, kèk otorite nan lapolis ak lajistis, li di ki nan konfyolo ak Jerry Acange Leconte ki lakoz li pa ka mare li kon krab epi mete li dèdo 4 miray pou divès zak li komèt nan popilasyon an.

Antretan, ansyen polisye revoke Jerry Acange Anderson Leconte sou bò pa li, li frape fò nan fen semen nan. Nan yon voice li lage kap sikile sou rezo sosyo yo, li fè konnen pa genyen okenn moun ki kapab dezame li andan komin nan.

Ansyen polisye Jerry Acange Leconte di, olye pou l ta kite yo dezame li, li ta pito rele alye li Babekyou yon fason pou l ka fè Tigwav tounen Pòtoprèns.

Comments are closed.