Biwo Office National d’Identification Delma 31 ensandye

375

09\14\2020

Pòtoprens___(TRiboLAND) Ajans Police Nationale d’Haiti ki fè tèt yo pase pou “Fantòm 509” mete dife jodi nan biwo Office d’Identification Delma 31 an.

Group ki deklare ke li mouri deja te akonpanye ak yon krèy sivil ame, yo tout vandalize dokiman ak sistèm sekirite kamera mete tèt anba Sant resepsyon livrezon dokiman idantite (CRLDI).

Kèk tan aprè yon konsè kout zàm sou lokal sa ke yo ensandye avan yo te deplase, yon blende te pote ranfò pou te rafredi konpòtman group “zonbi 509” kagoule yo ki te deja mache pòs yo.

Comments are closed.