Ayiti sou yon move pant

0 275

Nan sezon siklòn lè yo pale de alèt oranj sa vle di modèl siklòn kap vini an li pap telman koze gwo dega, men se pa pou otan poul pata fè kèk ti deblozaj kanmenm. Men lè yo di alèt wouj, lè sa a ou wè anpil mobilizasyon ap fèt swa sou radyo oubyen sou televizyon pou mande popilasyon an mete tout sa ki enpotan anlè galata.

Nou pap rete sou zafè siklòn ak ou men nou te plis vlew konprann keksyon alèt la, lèw tande yap pale de li pouw kapab konprann. Ou pa bezwen mete linèt pouw wè sitiyasyon peyi dayiti ap depafini jou aprè jou kidonk bagay yo pa bon.


1) Sou plan ekonomik
Bagay yo grav, ou gen bezwen 90 pyas pouw ganyen $1us, sak lakòz bagay pou moun mange tankou diri, pwa, farin, sik, mayimoulen bagay sa yo pase tèt nèg. Li menm rive sou keksyon gaz kote menm moun ou pata panse se machann gaz.


2) Sou plan Sosyal 
Nou gen yon sosyete kap depafini kote peyi a vire an mod *Bòdègèt* tout kotew pase se ouvè janm bwase ren.


3) Sou plan politik
Sa se manman penmba a épi se la menm nou te vle rive avè-w lè nou tap pale sou zafè siklòn nan; tout moun ap plenyen de yon sèl bagay, peyi a pap dirije nou gen yon leta nayif, yon leta tèt anba, yon leta abolotcho, yon leta enkonpetan pou nou ta site sa yo selman, pa bliye, chak mo sa yo esplike tèt yo. Nan moman sa a si-w se sitwayen pèzib ou sou dout ak tout bagay, lespri-w pa anpè kòm ki dire ou pa konn kilè vakabon ap rive sou ou pou eskanmòte tout sak sou ou.


Ayiti se sèl peyi kote si-w pa gang ou palmantè, paske chak grenn palmantè byen ak yon gang menm lèl pa nan lari-a ap simen latwoublay; ou ka menm jwenn tribinal kap ransonen moun, mande zòt sim manti! Ayiti se sèl peyi moun ki ta dwe dèyè bawo se yo ki palmantè, yo ki jij e menm komisè gouvelman. Ki donk, ou wè lap difisil pou-w ta pale de eta de dwa nan yon peyi konsa.

Bon an nou ale pilwen, jodia peyi a sou lin poul gen 3e minis li, ki changman nou wè ki sou lin nan 0 épi zewo bare, peyi a chanje minis tankou fanm pwòp kap chanje souvètman, pandan rezilta yo pa pote janm fè resèt. 


Si nap gade sak pral vini la a hmmmmmm, se plenn, se rele, se mare vant. Pa bliye chanm dépité a ta dwe ale nan mwa Oktòb kap vini la a ansanm avèk 1/3 nan sena a ki pral rete ak 19 senatè, pilwen nèt ou pral jwenn magistra yo manda yo pral fini, lè sa a ou pral akouche ak sak rele yon vid enstitisyonel, peyi a pral sou wout poul gouvène pa dekrè men ak ki konpetans politik. “Jovenel Moise” heeeeeeeeey, nou fèk kare pran, mezanmi tankou se yon siklòn ki nan wout pou vini deja yo anonse alèt wouj kidonk se pral kawo, bagay yo pral vin pidi, pi rèd, pi move se atò gang pral pouse nan peyi isit, si-w kwem manti mande nèg gwo palto yo.

Ferdie Claude, Triboland 
ferdieuclaudefils@hotmail.com

Leave A Reply