Plizyè moun tonbe ap mouri nan 8èm seksyon kominal Jeremi: Kazèk Dejean Gabriel evoke yon pwoblèm dlo potab.

955

03 – 09 – 2024

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Pou fen mwa fevriye 2024 la, pou rive nan moman nap pale a, plis pase yon dizènn moun mouri nan Fon Wouj Dayè, lokalite Grandans peyi a.

Pami mò yo, se timoun e jenn moun ki nan laj 5 pou rive 12 lane. Konsa, nan sel kay genyen 5 timoun ki mouri nan mwens yon semèn.

Yonn nan eleman Kazèk Dejean Gabriel evoke, se keksyon move dlo fanmi yo ap itilize pou bwè ak fè manje; tandike se nan menm ti sous dlo sa a, zannimo yo ap bwè ak fè bezwen yo.

Kazèk Dejean Gabriel

Apa sa, Kazèk Dejean Gabriel mete egalman an keksyon malfektè kap itilize poud pou touye peyizan yo pa bann ak pa pakèt; paske depi komansman ane 2021 pou rive 2024 lan, plis pase yon trantènn moun mouri mò sibit ak sentom dyare e vomisman.

Aprè lanmò san malad moun sila yo, sitou 8 timoun yo pou mwa mas 2024 lan, manm popilasyon an te enskri Claudette Joseph ak tout Jean Claude Aristil, alyas Kanmsou nan pwogram “Bwa Kale” a. Konsa, yo te mete dife nan kay yo. Yo te akize yo kòm malfektè ki itilize poud pou touye moun yo, nan Fon Wouj Dayè, yonipotèz ki pat genyen nannan!

Comments are closed.