Pwopriyetè lokal tribinal depè komin Kayimit lan menase mete jij lan ak tout materyèl leta yo deyò.

38
0
Share:
TRiboLAND

06 – 15 – 2026

Zile Kayimit, Ayiti_____(TRiboLAND) Selon temwanyaj jij depè titillè tribinal komin Kayimit lan, mèt Louissera Merzier, leta Ayisyen pa janm peye lwaye depi plis pase yon ven lane pou lokal tribinal depè Zile Kayimit lan. Dapre jij depè Merzier, kay sa a ki ka twonpe solèy men ki pa kapab twonpe lapli, se yon ti kay pòt fè ak planch veritab e galata a klise ak planch palmis.

Jij Louissera Merzier ale pi lwen pou fè konpwann pwopriyetè lokal lan konn abitye mete lajistis deyò akòz leta Ayisyen pa peye dèt li; e se aprè antant kèk notab nan kominote kayimitwaz lan, ki fè konsiderasyon pou asèpte tribinal la reloje nan ajoupa sa a ki pa reponn ak nòm pou bon fonksyonnnan biwo leta ou di mwens yon tribinal.

Jij Merzier rapouswiv pou li di ke lokal sila pa an sekirite; nan moman li konn ap fè jijman, bandi yo abitye antre e pwan prevni yo nan men li. Konsa, Merzier mande konsèy siperyè pouvwa jidisyè a, ak tout minis Jistis la pou yo panse ak pwoblèm jistis la sou Zile Kayimit kap fè fas ak tout kalite pwoblèm.

Ti kay delabre sila, reprezante plis ke yon wont pou sangwen kap dirije anndan peyi a, daprè sa yon sitwayen ta deklare bay lapwès. Anpil moun ta swete wè minis Jistis la antre e chita anndan tribinal Zile Kayimit lan menm pou yon meeting ak otorite lokal yo!

Share:

Leave a reply