Dwayen Tribinal Premyè Enstans Pòdpè a bay latè do, sa genyen kèlke èdtan

690

Yves Marie Périclès, mouri aprè midi Jedi 22 desanm 2022 a lakay li, swit aprè li te fin fwape nan yon kriz.

12-22-22

Pòdpè,Ayiti___(TRiboLAND) Ankò yon fwà Nòdwès ap plere depa yon pitit gason li, Dwayen Tribinal Sivil Pòdpè a, Me.Yves Mary Périclès. Li mouri aprèmidi jedi 22 desanm 2022a, lakay li nan Ri Rebeka, vil Pòdpè.

Dwayen Tribinal sivil la kite deja genyen 64 rekòt kafe mouri, pwòp jou anivèsè nesans li, jodi 22 desanm 2022. Enfo yo ta vle fè kwè se aprè elit jiridik anpare anba yon kriz ki ta okazyone lanmò li. Se tout yon bibliyotèk jiridik Nòdwès pèdi pou pa di nasyon ayisyènn nan.

Ken am li repoze nan lapè Etènèl e ke Granmèt la refonte fanmiy ak zanmi ki touche anba malmakak ou senti mare yon parèy dèy sa.

Comments are closed.