Nòdwès pran nan zizirit: Direktè depatmantal TPTC Nòdwès la, prezante yon latriye detay ki pèmèt yo pap kapab asfalte wout ki sòti Pòdpè-Ansafolè a ankò.

1,036


Twonson wout ki sòti Pòdpè pou rantre Ansafolè a, pap asfalte ankò, li pral fèt an tè bati sou-devlopman, se konsekans mwatye nan kòb la ki pral retounen jwenn BID.


07-13-2023

Pòdpè, Ayiti______(TRiboLAND) Nan yon konferans direktè depatmantal travo piblik branch Nòdwès la, Joseph Angelot Horacius, akòde laprès, jounen jedi 13 jiyè 2023 a, li prezante yon ansanm detay ki pèmèt twonson wout Pòdpè-Ansafolè a, pap ka asfalte ankò, sa ki lakòz y ap oblije bay wout la an tè bati sou-devlopman.

Nan moman konferans lan, direktè a soulinye pwoblèm goudwon lan, ak deplasman izin asfalt la, li soulinye kòm yon kaskèt chinwa, lè yo konsidere deplasman difisil asfalt la, parapò ak zòn bandi yo, san konte anplwayè yo ki patko janm resevwa yon goud nasyonal.

Fas ak 2 jeyan pwoblèm sa yo, envestisè BID yo, ki ta sanble pa konpwann jwèt k ap jwe a, ki lakòz wout la paka egzekite, oblije pete koken epi deside dezenfekte mwatye nan kòb la ke nou pa ko ka bay twòp detay sou li. Yon enfòmasyon ki bay men nan machwè.

Fas ak envansyon latriye pwoblèm sa yo, alatèt travo piblik branch Nòdwès la fè konnen, yo pral oblije konstwi 5 ti Pon wòwòt, mete sou 50 dalo ki pral konstwi, yon mannyè pou prepare eskanp figi wout la pou tè bati sou-devlopman.

Se avèk anpil odas ak awogans, Enjenyè tè bati a, Horace tap fè je chèch pou pase kesyon pètinant jounalis Nòdwès yo anderizon nan moman yon konferans ki te genyen anpil difikilte pou jistifye yon seri nwaj koripsyon.

Comments are closed.