CSPJ fè chwa yon nouvo Dwayen nan tèt Tribinal Premyè Enstans Pòtopwens lan.

1,275

Mèt Chavannes Étienne, se non yon nouvo Dwayen ki pral mennen bak TPI Pòtopwens lan, pou yon peryòd 7 lane.

12-22-22

Pòtopwens, Ayiti___(TRiboLAND) Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a, fè chwa jounen jedi 22 desanm 2022 a, Mèt Chavannes Étienne, kòm nouvo Dwayen Tribinal Premyè Enstans Pòtopwens lan.

Mèt Chavannes Étienne, ranplase nan pòs sa a, Jij Bernard Sainvil, ki li menm te pase 7 lane nan tèt TPI sila.

Pou anpil avoka, ak jij nan Tribinal la, yo espere Mèt Chavannes Étienne fè apèl ak la sajès paske se yonn nan eleman kap edel fè fas kare ak gwo difikilte kap tann li. Eske se menm plim, menm plimay yo ki abitye sal imaj peyi a, sa nou pa konnen! Kòm se pa tout mango ki genyen menm gou, an nou swiv pito! 

Comments are closed.