Divès zòn nan depatman Lwès la tounen dezè ak depotwa fatra

818

04 – 15 – 2024

Lwès, Ayiti_____(TRiboLAND) Batay gang nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan, ak movèz fwa dirijan sangwen yo fè depatman Lwès la tounen yon bò dezè epi yon lòt bò depotwa fatra. Divès moun plenyen sitiyasyon malouk wout Jeral Batay ki fin kraze, sa koz labou ak gwo tou vin rann lavi chofè ak pasajè vin pi mizerab.

Daprè sa divès pasajè di kolaboratè TRiboLAND yo, se ak anpil difikilte pou yon machin sot Jeral Batay pou ale Dèlma 32 ak 33. Sitiyasyon wout la toujou koz gen anpil blokis, san konte Ti Machann ki anvayi lari a. Moun yo kontinye pou yo di, pwoblèm sa yo rann yo vin pi vilnerab fas ak nèg ak zam anpil fwa ki parèt sou yo britsoukou.

Divès chofè kontinye pou mande politichyen yo, ak Komite entènasyonal la pou yo prese fè yon bagay pou yon pi bon klima pou moun fonksyone. Li pa posib pou yon kapital ak yon peyi ap disparèt konsa, e se yon wont pou klas ti chyen politik yo ak moun ki di yo se elit nan peyia, dapwè chofè yo.

Comments are closed.