Mèri Pòdpè pote yon demanti fòmel swit ak arestasyon Josué Alusma nan Pòtopwens.

2,765

Louis Jameson
02/01//2022

Pòdpè _______(TRiboLAND) Biwo kominikasyon Mèri Pòdpè a pran kontrepye fas ak nouvèl po pistach k ap sikile sou rezo sosyal la kòm kwa lapolis nan Kapital la ta arete Josué Alusma ki se premye sitwayen site Kapwa Lamò a.

Aloske, ekip Mèri a, bò kote pa l, fè kwè se yon machin entoksikasyon k ap travay kont premye majistra a nan lide pou kreye sansasyon ki p ap rapòte anyen serye sinon zizani tribò pabò.

Kidonk, Alusma plis kwè se nan tèt ansanm ak kole zepòl pou nou rive chanje figi vil la; olye pou yon ekip chita ap fè epi pataje move nouvèl sou rezo sosyàl yo.

Nòt Meri a arive soti deyò, swit ak piblikasyon Paul Elie Faustin ki se kòwòdonatè FÒSNOU te fè pandan l deklare “eske se vre yo arete Josué Alusma nan Pòtopwens tout bon vre?”

Comments are closed.