Aprè yon mwa antre an fonksyon, komisyon kominal enterimè Jeremi an, chita pale ak Kazèk ki fè pati komin an.

771

03 – 03 – 2024
Jeremi, Ayiti___(TRiboLAND) Nan objektif pou amonize rapò ant meri Jeremi ak rès manm kolektivite yo, manm administrasyon kominal lan, ki genyen ladan l, Sylmatha Pierre, Joël Jean Baptiste, ak Ivrose Pierre Alexandre, chita pale nan lokal meri a, ak Kazèk e Azèk yo kite sòti atravè tout 9 seksyon kominal Jeremi an.
Selon responsab manm komisyon kominal enterimè Jeremi an, diskisyon yo te chita sou bonjan relasyon ki dwe toujou genyen ant Kazèk e Azèk yo pou avansman komin Jeremi an.

Bò kote Kazèk ak Azèk yo, yo eksprime satisfaksyon yo dès ke manm komisyon an pran inistyativ lan ke yo jije ki lwayal.

Comments are closed.