CoViD 19: Lansman Kanpay sansibilizasyon, fòmasyon ak aspèsyon divès lye piblik atravé 10 komenn Nòdwés la

335


Pòdpè____(TRiboLAND) Nan kad solidarite ak popilasyon ayisyènn nan sou pandemi korona virus la, Pati Politik Pitit Dessalines ki nan opozisyon ak pouvwa anplas la, lanse jounen Lendi 25 Me 2020 saa, nan vil Pòdepè yon kanpay sansibilizasyon, fòmasyon sou maladi kovid-19 la ansanm ak aspèsyon divès plas piblik tankou mache ak biwo piblik atravè 10 komenn depatman Nòdwès la yon mannyè pou rive fwennen kous veris la sou tèritwa PaPa Dessalines nan.


Selon Pòtpawól Pitit Dessalines nan pou Rejyon Nòdwès la, Pierre Réginald, gouvènman an pare pou fouye twou pou antere tout moun ki trape maladi a, men bò kote pa yo (Pati Pitit Dessalines) y ap fè prevansyon pou anpeche popilasyon an viktim maladi kovid-19 la, dapwè Pierre Réginald “Lavi chak grenn sitwayen konte pou Piti Dessalines”.



Youn nan mann dirijan Pati Politik Pitit Dessalines nan, Saint Fleur Edouard, bò kote pa l, fè konnen yo antreprann yon tèl demach se yon fason pou rive sove lavi popilasyon ayisyènn nan anba pandemi Covid-19 la. Demach sa yo arive antreprann se akoz konsta yo ki demontre sistém Sante a nan peyi isit fè bèk atè, men se pa Leta yo vle ranplase, jan zòt vle fè konprann nan.

Kanpay sansibilizasyon ak fòmasyon onivo popilasyon an ansanm ak aspèsyon divès plas piblik yo kont Pandemi CoViD 19 la ap fèt atravè 10 depatman jewografik peyi Dayiti pou rive sove popilasyon ayisyènn nan anba grif Covid-19 la ki pa respekte pè pap.


Saint Jean Wiskis, TRiboLAND

Comments are closed.