Kòdonatè KAZEK 3è seksyon Polen-Lakòn nan fè konnen yo dekouvri divès ka kolera nan seksyon lap dirije a.

963

Kolera repwan chimen’l nan divès lokalite 3è seksyon Polen-Lakòn, komin Pòdpè.

12-03-2022

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Kòdonatè Konsèy administrasyon seksyon kominal 3è seksyon Polen-Lakòn nan, Jimmy Derisma fè konnen, sou yon gwoup watsap ki pote non,TRiboLAND KAZEK, AZEK ke yo depiste divès ka kolera nan divès lokalite tankou: Nan Kann, Ofouno, Bèna ak Fonramye.

Kòdonatè Konsèy administrasyon seksyon kominal la, Jimmy Derisma, ale pi lwen pou di, maladi kolera a deja voye plizyè ti moun nan seksyon kominal sila anba tè.

Kòdonatè a mande ak kòlèg li yo nan depatman Nòdwès la rete vijilan, epi nan menm moman an mande ak abitan yo nan seksyon lap dirije a fè anpil pridans, paske maladi kolera a bèl e byen prezan nan depatman Nòdwès la.

hyppolitegenson8@gmail.com

Comments are closed.