Me kisa TriboLAND konnen sou Fineray Monseyè Frantz Colimon ki gen pou fèt nan jou yo.

1,069

Yon gwo rankont fèt ant responsab Kominote Monfòten an, ak responsab Manb konsèy Sent Mari yo, pou planifye Fineray Monseyè Frantz Colimon.

11-08-2022

Lwès, Ayiti ____(TriboLAND) Yon gwo rankont fèt dimanch ki te 06 novanm 2022 a, ant responsab Sosyete Misyonè Monfòtèn (SMM) yo ki se kongregasyon Monseyè Frantz Colimon ak responsab manb konsèy Sent Mari yo, kote Monseyè Colimon te loge depi li te pran retrèt kòm Evèk Emerit, pou planifye Fineray Monseyè a, ki te mouri nan dat 03 novanm ki sot pase a.

Monseyè Frantz Colimon

Nan rankont sila, te gen: Pè Jean Jacques Saint Louis, Siperyè Pwovensyal, divès lòt nan konsèy la, Sè Jacqueline, Frida ak Alerte pou Kominote Sent Mari.

Daprè Pè Joseph Philor (Monfòten) ki se Pè Fwaye Charite Sent Mari a, dènye volonte Monseyè Frantz Colimon, se te pou antere li nan simityè Fwaye Charite yo. Avan rankont lan, Responsab Kominote Monfòten an, te an kontak sere ak Monseyè Charles Peters Bathélus ki Evèk Dyozèz Pòdpè a, sou menm kesyon sa, pwiske defen an se Evèk Emerit Dyozèz la. Defen genyen yon bon valè fanmiy kap soti lòt bò dlo; Fwaye Sent Mari, se entite ki seleksyon pou plizyè manm fanmiy lank ap soti lòt bò dlo.

Pwiske peyia konnen yon sitiyasyon malouk, nan sa ki gen pou wè ak kriz sosyo politik la, ensekirite a kap taye banda. Deplasman sou machin pa fasil, yon desizyon pran nan tèt kole ak Monseyè Bathélus pou transpòte kò Monseyè Colimon nan yon avyon anbilans jedi kap 17 novanm nan Dyozèz Pòdpè a, pou yon premye seremoni. Menm avyon sa, aprè seremoni an, ap retounen ak kò Pòtoprens pou kontinye ak rès seremoni kap gen pou fèt yo.

Vandredi 18 novanm vè 3è pou rive 5è nan aprè midi, ap genyen veye nan chapèl Fwaye Sent Mari a; manifestasyon funèb la ap fèt samdi 19 novanm vè 9è nan maten, men kò a ap deja enstale depi nan 7è am..

Selebrasyon lavi Monseyè Frantz Colimon ap genyen pou difize sou zoom pou pèmèt plis moun patisipe; responsab yo ap rete an kontak ak tout pawas ki vle selebre mès fineray tou, nan menm lè ak selebrasyon 19 novanm la.

Comments are closed.