Majistra komin Ansafolè pleyen pou fason Ministè Enteryè ak Kolektivite Tèritoryal trete meri yo pou fèt fen lane yo.

913

   12-19-2022

Ansafolè,Ayiti___(TRiboLAND) Majistra kominal Ansafolè a, Guilaine Pierre di li pa wè kòman meri lap dirije a pral akonpanye popilasyon Ansafolwaz la pandan moman fèt Nwèl la.

Yon pawòl ki esprime pasivite Ministè Enteryè ak Kolektivite Tèritoryal nan pran ankonp responsabilite meri yo nan peyi a.  Taks meri a paka reponn ak tout depans yo, pandan ministè a pa peye anplwaye yo; konsa, sa lakoz travay vwari yo konplètman neglije. 

Komisyon kominal la ki bouke gade mizèrere komin nan, ap mande responsab Ministè Enteryè ak Kolektivite Tèritoryal la fè yon mannyè pou voye je gade popilasyon an nan Ansafolè ki bouke pran nan Tonton Nwèl.

        Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.