Gwo vag lanmè kap sakaje komin Ansafolè mete popilasyon an kouri

1,239

12-19-2022

Ansafolè, Ayiti___(TRiboLAND) Depi byen lontan moun kap viv nan komin Ansafolè pa sispann plenyen pou lanmè a ki pran yon bon pati nan komin nan. Malgre repons misèk pou yon parèy problèm ekolojik, sa pa anpeche sitiyasyon kè sere sa ap kontinye deteryore. Jis koulye a lanmè a pa sispann kraze kay detwi byen rezidan yo. Se yon komin ki ta nan wout pou disparèt!

Popilasyon viktim nan ap mande Leta Ayisyen kontinye ak travay andigman (grabyon) an pou jwen yon solisyon dirab anfavè moun ki pa janm sispann sinistre yo kapab rale yon souf.

Yon lòt bò, popilasyon an kontinye ap mande responsab leta yo pou ouvri wout ki debouche sou pon Rivyè Sentann nan ki parèt yon danje male pandye pou chofè motosiklèt yo.

Plizyè aksidan grav pwodwi nan pye pon an, eske se plizyè moun yap tann mouri pou yo rezoud pwoblèm nan? Sa ka la ka wè!

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.