Pòtopwens: Ministè Enteryè ak Kolektivite Tèritoryàl distribye plis pase 8,600 mas nan divès katye

0 377

Pòtopwens____(TRiboLAND) Sou sipèvizyon Ministè Enteryè ak Kolektivite Tèritoryàl la, Audain Fils Bernadel, yon gwo distribisyon mas te dewoule yè Dimanch lan ki te 10 Me 2020 nan plizyè espas piblik nan diferan katye nan Pòtopwens. Demach sa yo ki tradwi volonte gouvènman an pou ede popilasyon fè fas kare ak kovid-19 la ki deja ap fè pale de li atravè tèritwa nasyonal la, dapwè yon nòt ministè a fè sòti.

Plis pase 8,600 mas distribye nan divès mache piblik, komès, transpò piblik ak pwive nan divès rakwen nan kapital la; yon mouvman ke popilasyon konsène yo te byen akeyi e menm manifeste enterè pou mete mas la kòm mwayen pwotektif kont kowonaviris la, toujou dapwè nòt ministè a.

Nap raple distribisyon sa ki ta sanble petèt pa vizib nan vil pwovens yo, arive fèt kèlke èd tan avan antre anvigè kominike Pwimati 30 Avwil pase a ki chita sou obligasyon pou tout moun alawonn badè anndan peyi a pote mas apati jodi Lendi 11 Me 2020.

Leave A Reply