MOUN PÒDPÈ PA T METE DLO NAN BOUCH YO POU YO TE SAPATA AK PAWÒL PIMAN BOUK MAJISTRA ALUSMA NAN FÈT IMAKILE A.

1,023

12 – 10 – 2023

Pòdpè, TRiboLAND____(TRiboLAND) « Nou pa vle kalite vagabon idyo konsa nan mitan nou kòm dirijan »! Se te ak diskou sa anpil jenn fanm ak jenn gason te resevwa kòtèj Majistra vil Pòdpè a, Josué ALUSMA, nan kad selebrasyon fèt IMAKILE, 8 desanm 2023.

Majistra a ki te akonpanye ak madanm li, epi yon kòtèj sekirite tèt chaje pou te vini patisipe nan fèt Senpatwòn vil Pòdepè a, IMAKILE KONSEPSYON. Nan moman diskou majistra Josué Alusma, se ak anpil etònman mount e kapab ap tande legliz la t ap gwonde, kòmsi pa genyen kalifikasyon ak moralite ase pou pale nan non komin Pòdepè, sitou nan kondisyon deplorab ak piyaj administratif nan yon minisipalite ki chaje ak kriminèl tout kalite e ki kache anba rada ULCC.


Selebwasyon fèt Imakile Konsepsyon te nètman transparan, kontrèman jan sa te ye avan, lè pèleren konn soti tout kote pou vin fete. N ap remake, menm legliz Katedral la, pa t gen twòp moun anndan li, tèlman sitiyasyon an dekrechenndo epi swadizan otorite yo nan vil la, yo pa gen konfyans okenn moun nan popilasyon an.

Selon enfòmasyon ki disponib, n ap fè w konnen, vil Ench, nan Depatman Sant, ki gen menm Senpatwòn ak vil Pòdepè, fè yon bèl ak yon gwo fèt. Enfòmasyon yo kontinye pou di, gen gwo kòb ki debloke pou vil Ench. Èske gen kòb ki debloke pou vil Pòdepè? Pyès moun poko anmezi pou reponn kesyon sa e pa gen okenn kominike ki sòti egalman.

Alò, Selebwasyon fèt Imakile Konsepsyon ale e retounen, se toujou menm salte yo, menm idyo yo ak menm krim finansyè ki toujou makonnen ak yon ekip paralize entèlèktyèl ki pran bònn gouvènans vil Pòdpè a an notaj. Kidonk, endis yo pou vil Pòdpè pa chanje, sinon ke: labou, enkonpetans, galimatcha, fènwa, dirijan payas, dlo sal, krim, abi otoritè ou disparisyon Leta.

Comments are closed.