Ansyen prezidan onduryen an arete nan ayewopò avèk yon sak lajan ki estime 18,000 dola

242

11\28\20

Tegousigalpa____(TRiboLAND) Ansyen prezidan Onduras la, Manuel Zelaya deklare vandredi a ke yo te arete’l enjisteman nan ayewopè pou tèt li te genyen ansanm avè’l 18,000 dola kash ke li di ki pa pou li.

“Mwen pa konnen ki kote lajan sa soti. Se sèten, yon moun mete lajan sa nan valiz mwen,” daprè sa Mesye Zelaya deklare bay medya yo.

“Mwen vwayaje plis pase 400 fwa deja e mwen konnen ke moun pa dwe genyen avèk yo kantite lajan sa avèk yo. Li enpòtan pou genyen bonjan envèstigasyon ki fèt yon fason pou chèche detèmine ki moun ki mete magogo lajan an nan valiz mwen”, deklare ansyen prezidan an.

La lwa nan peyi Onduras ki regularize kontròl sou trafik ak blanchiman lajan otorize moun vwayaje ou kite peyi a, pa plis avèk 10,000 dola kash yon sèl fwa; e lajan an dwe deklare a otorite yo.

Mesye Zelaya nan vandredi swà anonse sou kont twitter li key o arete’l  pou granmesi nan ayewopè entènasyonal Tontontin nan kapital Onduras la, Tegucigalpa nan moman li t’ap prepare pou vwayaje Meksiko pou yon seminè. Li deklare ke yo te kenbe’l nan imigrasyon aprè yo t’ap fouye valiz li.

Yon pòtpawòl pou biwo prosekitè piblik la demanti ke Zelaya te arete.

Comments are closed.