Yon prezime bandi sangwen tonbe nan boukantaj kout zam kout zam ak lapolis nan komin Tigwav.

899

04 – 03 – 2034


Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Yon prezime bandi sangwen, kriminèl tonbe nan boukantaj kout zam ak lapolis nan lokalite Regal 11èm seksyon Ravin Sèch kominal Tigwav, ozanviwon 9 vè nan sware madi 02 avril 2024 la, daprè chèf brigad meri Tigwav la, Benis Férus.

Chèf brigad meri Tigwav la ki tap reponn kesyon jounalis nan okazyon an, fè konnen prezime bandi, kriminèl la jwen lanmò li nan echanj kout zam ak lapolis, li tap opere nan baz Savyen ki twouve li nan komin Tirivyè Latibonit. Li te jwen arestasyon li e li te transfere nan prizon Penitansye Nasyonal. Antouka, apwè deblosaj prizonye sove nan sant kaseral sila malfwa a ta pral gaye kò li nan lanate.

Toutfwa, lapolis ta pral rive idantifye sangwen an, se gras ak yon tatouraj li genyen nan lestomak li ki make baz Savyen. Nan sans sa a, ajan brigad polis minisipal Tigwav la, Benis Ferus mande konkou bò kote lapolis ak popilasyon an, pou ede yo kwape bandi wot tansyon yo ki sove nan prizon epi gaye kò nan lanate, patikilyèman nan komin Tigwav.

Comments are closed.