Chif 7 se chif pèfeksyon, 2023 ou chif 7 se liberasyon peyi papa Desalin ak Petyon an

970

“Non” dirijan kap vin rekonstri Ayiti a ap piblik, e li pap yon tchoul daprè Profesè Francisque Jean Charles.

12-20-2023

Pòdpè, Ayiti ____(TriboLAND) Daprè Profesè Francisque Jean Charles, atravè refleksyon loufok. 2023=2+2+3=7

Chif 7 la se pèfeksyon. Ayiti ap soti nan twou san fon nasyon malveyan yo lage-l la, depi Inisyativ Otawa a nan mwa janvye 2004 ki kreye Kò Group pou dirije Ayiti atravè ayisyen ki depite, senatè, minis, premye minis ak Prezidan.

Pou Profesè Jean Charles, 2023 ou chif 7 se liberasyon peyi papa Desalin ak Petyon an. Lespri ansestral yo ak lwa 17 nasyon Ginen yo, sou direksyon Lavilokan fè yon lòt alyans pou yo fè yon lòt epope.

Li konkli pou li di, “non” dirijan ak “misyon” pou vin konstwi nouvèl Ayiti a ap piblik; li pap restavèk oligak e li pap tchoul nasyon malveyan yo. Mezi yo ap ekstrèm, men yap anfavè mas defavorize yo.

Comments are closed.