Majistra Sen Lwi Di Nò yo fè Sibtiti Komisè Jeir Pierre konnen se inyorans ki fè yo pat fè deklarasyon patrimwan yo

1,603

01-10-2023

Pòdpè, Ayiti ____(TRiboLAND) ULCC, Unité de Lutte Contre la Corruption, mande Pakè Pòdpè a pou tande plizyè otorite nan depatman Nòdwès la, ki pat fè deklarasyon patrimwàn yo, avan yo te antre an fonksyon ak aprè yo te kite pòs yo.

Moun sa yo se : majistra, depite ak senatè ki ta annafè, nan kad avansman dosye deklarasyon patrimwàn ansyen otorite yo, jodi lendi 09 janvye 2023. Se konsa, sibtiti Komisè Jeir Pierre, tande 2 nan majistra Senlwidinò: Odena Clédillon ak Viergella Sylvestre ki te eli depi nan lane 2015. Kidonk, majistra yo deklare nan moman odisyon an, ke yo pat genyen oken enfòmasyon ki ta fè yo konnen ke yo te dwe deklare patrimwàn yo kòm candida; yo senpleman pat deklare byen yo te posede akoz inyorans. 

SCG a raple yo, se yon lwa ki la depi nan lane 2008, ki egzije ke tout eli dwe fè deklarasyon patrimwan yon mwa aprè eleksyon yo; san sa yap pini daprè atik 28 kòd penal Ayisyen an. Nap raple, nan kad odisyon sila, Majistra prensipal Senlwidinò a, pat reponn prezan.

Comments are closed.