Gaz : Lajistis nan tèt kole ak Lapolis nan Tigwav sezi 23 dwoum gazolin ak plis pase 12 gwo galon jòn.

789

12-20-2022

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Lajistis nan kole ak Lapolis nan jiridiksyon Tigwav, nan kad yon operasyon rakèt gaz, sezi 23 dwoum gazolin ak plis pase 12 gwo galon jòn, soti vandredi 23 novann pou rive jounen madi 20 desanm 2022 a.

Otorite konpetant yo di, yo pran desizyon sa a, se nan lide pou anpeche movèz pratik vant gaz ilegal nan tankè, nan dwoum ak nan galon, pandan yo di, yo plis ke detèmine pou mete anba kòd tout direktè ponp ak ponpis yo ta siprann kap vann gaz nan dwom ak nan gallon. Konsa, yo reyitere volonte yo pou epi pini raketè yo jan la lwa egzije sa.

Chofè taksi yo ki tap reyaji nan mikwo TRiboLAND, pa danse kole ak yon parèy desizyon komisè gouvènman pakè Tigwav la mèt Piierre Elioth Paul pran pou arete tout moun ki rantre kò yo nan vann gaz ilegal nan lari. Antouka jiska dat, gaz pa janm disponib nan ponp yo jouk nan monman nap pale la a.

Toutfwa, chofè taksi yo ki deklare avèk gouvènmen sankoutya, kriminèl, kòwonpi PHTK a, pap janm genyen gaz disponib nan ponp yo menm jan sa te ye avan.

Comments are closed.