Yon Jenn gason endiye ap manifeste mekontantman li fas ak sitiyasyon peyia devan Katedral Pòdpè a

951

12-12-2022

Pòdpè, Ayiti _____(TriboLAND) John Kervens, 25 lane edidyan an Syans Jiridik nan lekòl Dwa Gonayiv la manifeste mekontantman li fas ak sitiyasyon peyi a. Li enstale li devan Katedral Pòdpè, li kole plizyè fèy bwistòl ki gen divès mesaj nan baryè legliz la, tankou: “Yon pèp ki aksepte tout bagay pa ka viv byen; ayisyen dwe gade sou Wanda pou chanje peyi a, menm jan anpil peyi te gade sou li aprè endepandans lan”.

“Peyia pap dirije, alòske nou rete ap gade, konbyen kalkil pou-n fè pou-n jwenn yon bon sitwayen? Ki moun ou ye, rich ou pòv, èske ou pran defans sila yo ki pa kabap? Lajistis pa jis, menm Lajistis ap mande jistis. Ki Lekòl nou vle? Pou ki sosyete? Pèp, èske ou kondane pou pa janm konn gou manje ou fè? An 2018 peyi te lòk pou zafè lajan petro karibe ak gaz, èske peyia bon konnya? Èske barikad toujou avni nou”?

John Kervens kritike konpòtman pèp ayisyen kap konnen anpil difikilte, lavi chè, ensekirite, grangou, kidnapping, elatriye; pou tan yo pa janm egzije otorite yo pran responsablite yo. Pèp la dwe sispann chwazi dirijan ki pa an mezi pou dirije fanmiy yo, pou mete dirije peyi a. Depi lè tout dirijan ki te nan twa pouvwa yo, anpil fwa ki pa konn wòl yo, li te wè se la nou tap rive.  Gouvènman Ariel Henry a pap regle anyen, depi aprè lanmò ansyen prezidan bagay yo vin pi malouk nan atravè repiblik la.

Jhon Kervens mande pou jèn yo pran responsablite yo paske bagay yo pa ka kontinye konsa.

Comments are closed.