Yon fiyèt 10 lane mouri anba maladi kolera nan vil Pòdpè, divès lòt ap pran swen sou kabann lopital.

1,034

Fafane ensikoni, se non yon fiyèt 10 lane ki pèdi lavi l nan kolera nan zòn Mòn Opè, san konte divès lòt tinosan kap pran swen sou kabann lopital.

01-18-2023

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Aprè maladi kolera te fin touye epi voye divès endividi lopital nan zòn Polen/Lakòn nan fen ane 2022 a, koulya se kou pa moun nan vil Pòdpè ak zòn ki antoure’l yo.

Sòti fen premyè sèmen pou rive nan dezyèm sèmen mwa janvye a, kolera pa sispann ap ravaje epi retire lavi divès endividi pami yo, Fafane ensikoni,10 lane arive mouri.

Nan moman nap pale a, lopital Beraka nan Lapwent Dèpalmis ak lopital Imakile Konsepsyon pa janm sispann resevwa moun ki trape maladi sila.

Pale ak plizyè responsab Kwa Wouj sou sityasyon sila, yo fè konnen sèmen kap vini an, yo pral mete nan lari plizyè ajan kap gen pou sansibilize lekòl yo sitou sou mezi yap gen pou pran kont maladi kolera.



Comments are closed.