Ajan UDMO yo nan depatman Nòdwès la, kadnase baryè antre biwo DDNO a, tout swit aprè evènman boukantaj kout zam ak bandi yo nan Tibwadòm.

1,059

06-16-2023


Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Ajan UDMO yo nan vil Pòdpè, kadnase baryè antre biwo direksyon depatmantal polis branch Nòdwès la, tout swit aprè yo te fin pase yon move moman anba men bandi Tibwadòm yo, sou twonson wout ki kondwi Pòdpè pou rive Gonayiv la.

Enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal nouvèl TRiboLAND, ta fè konnen, ajan UDMO yo gaye se paske yo aprann direksyon depatmantal polis la, ta pral resevwa lajan nan men plizyè antreprenè, pou travèse kèk kamyon gaz ak kèk konntenè nan zòn Va a.

Sispèk sou konpòtman nouvo DDNO a, ki te neglije zafè operasyon Tibwadòm nan, swa pou rezon pèsonèl li, nan yon bat je, voye ti mesye UDMO yo, al pote tèt yo bay bandi yo.

Polisye UDMO yo, ki estime zak sa a se yon zak malonèt, deklare yo bouke ak aksyon malonèt direksyon sila, epi mete kadna nan baryèantre espas la, yon mannyè pou mande ak DDNO a rache manyòk li bay tè a.

Nap presize, kòripsyon ak gro magogo lajan anba tab se mak fabrik nouvo direksyon depatmantal polis branch Nòdwès la, ki ta sanble pa jennen nan enplike nan gro komès konntener, gaz, kidnapping ki tradwi konivans ou konplisite ak gang Ti Bwadòm. Se sa ki lakoz, ajan UDMO onèt yo pran yon parèy desizyon.

Popilasyon Nòdwès la bouke mande konkou otorite yo nan Pòtopwens, fas ak nivo lanmè koripsyon ke direksyon depatmantal polis Pòdpè ap navige; gro zak kriminèl ki konekte ak aktivite gang nan Ti Bwadòm.

Comments are closed.