Gwo konpayi chinwa Huawei devlope yon plan pou epole jènn Dominiken

0 417

Sen Domeng__(TRiboLAND) Apa solusyon enfwastriktik ak teknolojik, gwo jeyan konpayi chinwa “Huawei” deside bay gwo bourad ak jènn etidyan nan peyi Repiblik Dominikènn.

Tankou li fè li pou yon pakèt lòt jènn nan lòt peyi, nan kad responsablite sosyàl li, Huawei atravè vis pwezidan li Aaron Liu (Chaogun), manajè kominikasyon, Angela Bao, manajè solusyon, Leo Mercedes ak pwezidan Chanm Komès Dominicana-China, Roberto Santana, pwezante bay responsab dominiken yo yon pòtfolyo ki rich ak pwogram tout kalite pou jènn etidyan nan Repiblik Dominikènn.

Pandan rankont lan, pwezidan Aaron Liu te pwofite mete anfaz sou gwo magogo yo toujou depanse pou envèsti nan pwogram global CSR la, ki toujou pi gwo domènn ki mande sipò a lontèm. Pwogram CSR la, ki batize sou “Semans pou Demen”, se mèyè platfòm fòmasyon ki reyèlman kapab ede jènn inivèsitè nan karyè teknoloji ak kominikasyon.

Selon responsab Huawei yo, “Semans pou Demen” pwogram nan te arive reyini plis pase 108 peyi nan fen ane 2017 la. E se nan konteks sa genyen yon total 3,600 etidyan inivèsitè ki te an mezi pou vizite e etidye nan gwo tonton edifis ki loje Huawei a nan Lachenn.

Ane sa, Huawei lidè 5G a, chwazi 10 etidyan inivèsitè nan diferan inivèsite nan Repiblik Dominikènn. Yo gen pou voyaje nan peyi Lachenn nan mwa Septanm sila. Huawei pa senpleman fè santi pwezans li nan domènn edikasyon, men li kreye gwo enpak tou atravè developman enfwastrikti teknolojik ki gen pou wè avèk sante, sekirite, ak anpil lòt sèktè.

Leave A Reply