Direktè Jeneral ODVA a fè konnen plantè yo nan Vale Latibonit ap fè gwo fas kare ak divès pwoblèm.

714

Direktè Jeneral ODVA a, Agonòm Frantz Jean Mary, fè konnen plantè yo ap fè fas kare ak gwo lakilbit difikilte nan Vale Latibonit lan, e promèt lap akonpanye yo pou fasilite yo fè plis rekòt.

12-12-2022

Latibonit, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon entèvyou li akòde Laprès, direktè Jeneral Òganizasyon Vale Latibonit lan, Agonòm Frantz Jean Mary, fè konnen plantè yo nan vale Latibonit lan ap fè gwo fas kare ak divès pwoblèm tankou: semans, angrè, ak zouti poun site sa yo sèlman.

Nan sans sa a, Agronòm nan konfime, òganizasyon lap dirije a ap fè gwo demach, bò kote Ministè Agrikilti pou rive wè nan ki mannyè yo kapab fasilite plantè yo jwenn bon jan semans, angrè ak bon jan akonpanye teknik.

Comments are closed.