Pakè Pòdpè mande ak Direktè Jeneral Imigrasyon ak Emigrasyon an poul pa kite Direktè depatmantal imigrasyon branch Nòdwès la kite peyi a, menm pou yon segond.

1,121

Jean Wilson, se non Direktè depatmantal imigrasyon branch Nòdwès la, ke sibtiti komisè Jeir Pierre mande pou pa kite peyi a.

02-16-2023

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Nan yon lèt ki soti nan Pakè Pòdpè a, atravè sibtiti komisè gouvènman an ki se Jeir Pierre, ki ale jwen Joseph Cianchully, Direktè Jeneral Imigrasyon ak Emigrasyon an, pou’l mande’l bare anwo e bare anba, yon fason pou pa kite Direktè imigrasyon branch Nòdwès la, pa mete van nan vwèl li.

Anpil kesyon ap poze pou konnen, èske se pou kòz kòripsyon ak zak zenglendinay nan imigrasyon branch Nòdwès la, lè yo konsidere gwo plenyen ki genyen bò kote kliyan, ki ta fè konnen Jean Wilson ta deja travèse lizyè nan kouri vòltije pou rantre nan peyi Etazini ak kòb divès kliyan.

Yon sityasyon ki blayi anpil dout epi lakòz Direktè Jean Wilson ta sòti nan silans li atravè yon entèvyou kap sikile sou rezo sosyal yo.



Comments are closed.