Protestasyon nèg ak zam lakoz plizyè elèv bakaloreya pase move moman nan vil Gonaiv

1,538

Plizyè elèv ki tap konpoze jodia nan egzamen bakaloreya nan vil Gonaiv konnen move moman anba kout zam protestatè ki anpeche enstalasyon yon nouvo direktè nan tèt simityè site Endepandans lan.

07-05-2022
Gonaiv, Ayiti_____(TRiboLAND) Byen bonè maten madi 5 jiyè 2022 a, li te anviwon 6:30 nan maten anpil katouch te kòmanse ap chante nan sant vil Gonayiv ak kawotchou ki tap boule nan divès ri ak devan pòtay meri a, selon enfòmasyon ke nou arive jwen. Se yon mouvman ki deklentche akoz yon nouvo direktè katèl meri a ke yap tante enstale nan tèt simetyè vil Gonayiv la.

Konsta yo prouve genyen plizyè pwòch direktè yap tante revoke a genyen gwo zam manch long nan men yo, kote ke yo ap lanse pawòl piman bouk devan kon dèyè. “Pa genyen oken nouvo direktè kap vin enstale la jodia”, se sa pwotestatè yo tap klewone.

Paralèlman, te genyen anviwon 4 elèv ki tap konpoze nan egzamen ofisyèl filo nan lekòl Nasyonal Sen Valri a ki endispoze; san konte plizyè lòt ki ta sanble yo twomatize pandan ke yo tap kriye. Konsa, yon parèy tansyon ak katchouboumbe fòse responsab sant lan kanpe egzamen an.

✍🏻: GEOEGES Abel


Comments are closed.