Mouvman Fanm An Aksyon Tigwav (MOFAPEG) mande MTPTC) kote magogo lajan ki te dekese pou divès pwojè nan Site Soulouk la.

1,378

12-13-2022

Tigwav, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan yon lèt tou louvri, Mouvman Fanm en aksyon Tigwav (MOFAPEG ) ak alye li yo, voye jounen lendi 12 desanm 2022 bay minis travo piblik transpò ak kominikasyon an, Rosemond Pradel ak direktè rejyonal la, Enjenye Franck Celestin, mande esplikasyon sou lajan ki te dekese pou ekzekite divès pwojè wout anndan vil Tigwav la tankou : Avni Solidarite, Ri Desalin ak Ri Lama.

MOFAPEG ak alye li yo, deklare sa genyen pliske 3 lane moun nan Avni Solidarite ap monte le syèl pa do, aprè travo piblik fin kraze kay ak kloti rezidans yo nan avni a. Òganizasyon militant yo di, yo sezi wè se mem ti paskout yo ki kontinye ap manniganse nan Ri Lama ak Ri Desalin, kote tout adoken yo leve san yo pa bay pèp la esplikasyon dekilakyèl.

Mouvman Fanm en aksyon Tigwav (MOFAPEG) ak alye li yo bay minis MTPTC, Rosemond Pradel ak Enjenye Franck Celestin, 8 jou won kon lawont pou yo bay esplikasyon klè kon klèwòz kisa yo regle ak lajan ki te dekese pou ekzekite plizyè pwòje wout nan Site Soulouk la.

Toutfwa, MOFAPEG  fè konnen, pase delè sa a, yo menase pran yon lòt faz nan yon parèy revandikasyon.

Reprezantan òganizasyon ki siyen lèt sila a:

MOFAPEG

Nacionne Forvilus, Kowalisyon pou sove Lakomin

Berthony Borgella, Jenès Revolte

Hary Saint Jean, Association Plénière.

JOICY Arnold

Comments are closed.