Anviwon 60 ti moun, resevwa yon anvlòp ak divès lòt ti tchotcho, devan legliz Sen-Monfò nan Pòdpè

914

06-21-2023

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Mouvman valorize valè yo, ki genyen nan tèt li divès kouch moun nan sosyete pòdepezyèn nan tankou : polisye, jounalis, avoka, teknisyen ak divès lòt pwofesyonèl, panse ak ti moun devan legliz Sen-Monfò yo nan vil Pòdpè, jounen mèkredi 21 jen 2023 a.

Nan sans sa a, plis pase yon swasantèn Timoun rive jwenn yon anvlòp ak divès lòt ti tchotcho, kap ede yo fè fas kare ak pwoblèm vant lan, pou yon ti bout tan.

Mouvman sa a, ki mare kòd lonbrik li ak okenn zafè politik, konte ouvè pòt li ak tout esponsò ki konte valorize plis moun toujou.

“Ansanm nap valorize valè yo”, se deklarasyon K-Navao Valmont, ki se youn pami figi remakab ki dèyè yon parèy moun kap pran jarèt nan diferan rejyon nan komin Pòdpè.

Comments are closed.