NÒT POU LA PRÈS

984

11-05-2022

Menm jan anpil lòt kote ap fèl, plizyè Direktè kolèj nan vil Pòdpè te reyini pou yo te reflechi sou posiblite ouvèti lekol la nan Nodwès nan semèn 7 novanm lan. Aprè anpil bwase lide, me ak ki sa yo te soti :

1. Lè nou konsidere enpòtans lekòl genyen nan avansman yon kominote;
2. Lè nou konsidere sa fè deja 4 mwa depi lekòl fèmen, epi tout timoun rete chita lakay, yo pa ka retounen al pran pen lenstriksyon;
3. Lè nou konsidere leta te repòte ouvèti klas yo pou mwa oktòb pou pèmèt paran yo jwenn pi bon mwayen pou prepare antre klas yo, men bagay yo vinn pi mal, sitou avèk monte pri gaz la ke w pa menm ka jwenn nan ponp yo;
4. Lè nou konsidere ke plis ti moun yo chita lakay, se plis la vi a ap vinn pi chè e la vi miyò a se pa pou demen;
5. Lè nou konsidere tout lòt aktivite ap bien mache, epi se sèl pot lekòl ki rete fèmen;
6. Lè nou konsidere ke fèmen pòt lekol se ouvri pòt prizon : Ti moun ki pa ale lekòl ap tonbe nan dwòg, tafya, delenkans, pwotitisyon ak zak bandi;
7. Lè nou konsidere tout pitit grannèg yo ap etidye nan peyi etranje pou yo ka vinn mete pye sou kou pitit zòt ki pa al lekòl;
8. Lè nou konsidere si nou pa aji konnye a pita ka vinn pi tris.

Nou tout Direktè ki te prezan te dakò poun louvri pòt lekòl yo a pati lendi kap 7 novanm lan, pou nou resevwa elèv yo ki pa dwe pèdi ane lekòl la.
Pou sa rive fèt :
1. Nou mande konkou tout paran yo pou yo ankadre timoun yo, kap kapab vini lekòl la an koulè si yo pokò genyen inifòm.
2. Nou pran kontak ak responsab la Polis ak la Jistis ki dakò mete sekirite nan tout kwen lari a, epi pini moun ki ta vle fè dezòd.
3. Responsab sendika chofè taxi moto ki te nan rankont lan dakò pou yo desann pri kous yo ant 50 a 75 g pou elèv ak pwofesè kap frekante lekòl yo, tou depan de kote yap soti nan vil la.

Nou konte sou konpreyansyon nou tout poun ka sove ti rès ane lekòl la.

CMLK, CMLD, CNDL, CPE, CIM, Yaweh Shama, Philadelphie, Nouvelle Vision, Etienne Saintil, Conservatrice, Péniel e Saints-Innocents.

source: Media Tout Kote

Comments are closed.