AstraZeneca konfime ke vaksen pou tretman kovid-19 li pwodwi a pa reyèlman efikas

481

06/15/2021

(TRiboLAND) Konpayi anglo-swedwà AstraZeneca ke OMS te pwopoze pou Ayiti te asèpte a, konfime jounen jodi madi 15 jwen 2021 an, ke efikasite vaksen ke yo pwodwi pou tretman  kont kowonaviris la nad marinad; sa vledi li pa reyèlman efikas sou moun ki ekspoze ak viris la.

Nan yon kominike ke li fè sòti, konpayi a konsyan ke sa yo devlope a kòm esè pa reyèlman arive materyalize objektif li ki se te pwevni ka kovid-19 sentomatik yo pran jarèt apwè ekspozisyon, dapwè responsab AstraZeneca yo nan yon kominike.

Comments are closed.