Depatman Grandans aba gwo chok : pou yon ènyèm fwa sèktè edikatif lan an dèy.

232
0
Share:
TRiboLAND

01- 03- 2026

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Se avèk anpil tristès, dezolasyon ak rekrè manm popilasyon an e sektè edikatif lan nan Grandans apwann lamò sibit pwofésè matematik Lagrenade Diamenson. Li mouri lakay li nan jounen vandredi 02 janvye 2026 lan aprè yon malèz daprè enfòmasyon ki konfime bòkote pwòch fanmi defen an.

Lanmò jenn pwofésè eksperimante sila, pa senpleman afekte pwòch, fanmi, e zanmi edikatè Lagrenade yo ,men jenn liseyen liseyènn liseyen yo, elèv tout yon seri gran kolèj atravè depatman Grandans lan, ki temwaye nan mikwo TRiboLAND. Yo tout fè santi kòman yo pèdi yon frè, yon edikatè papa kite souvan ankouraje yo pwan etid yo o erye antanke jènn kise aveni peyi Dayiti.

Pou moun sila yo, pwofesè matematik Lagrenade Diamenson, ki mouri bwit sou kou nan komansman ane 2026 lan, ap rete grave nan memwa yo, kom yon potorik gason ki te konn fè bon travay nan sosyete grandanslèz lan, nan fason li te konn toujou prezan nan etablisman eskolè piblik kou prive yo.

Malgre yon seri kontrent salarye ak protestasyon lakay lòt konfrè ki te toujou ap reklame kouraj travay yo; Lagrenade pat janm montre endiferan ni nan bon tan kou move tan. Li te toujou rete konsekan e wè livrezon konesans lan pou etidyan yo avan tout bagay.

Ke nanm pwofesè Lagrenade Diamenson repoze nan lapè etènèl e ke Gran Achitèk la, console e remanbwe tout manm fanmiy, zanmi ak elèv ke dèy sila trakase.

Share:

Leave a reply