Vladymir François, yon pitit Zile Latòti òdone kòm pastè nan komin Bonbadopolis

1,004

01 – 21 – 2024

Bonbadopolis, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon anbyans seremonyèl, nan espas ki loje Legliz Evanjelik Ebén-Ezer Bonbadopolis ki anba lobedyans MEEBA (Mission des Églises Évangéliques Baptistes Associées) ki genyen nan tèt li Pastè Paul Harrigan, yon pitit Zile Latòti, ki pote non Vladymir François òdone kòm pastè jounen jodi dimanch 21 janvye 2024 la nan komin Bonbadopolis.

Pastè Vladymir François

Vladymir François fèt 20 desanm 1992, pitit espirityèl Legliz Evanjelik Penièl nan vil Pòdpè, te omonye ak pwofesè enstitisyon Mixte La Colombe nan Pòdpè. Li resevwa jounen dimanch 21 janvye a, “imposition des mains” pou yon misyon pastoral apwè plizyè ane fòmasyon biblik nan STEP (Séminaire de Théologie Evangélique de Port-au-Prince). Nan moman seremoni òdinasyon an, anpil moun ki te sòti nan divès kwen nan depatman Nòdwès la te fasilite deplasman, pou vinn pote sipò yo bay pitit Mesye ak Madanm Gérard François orijinè Zile Latòti.

Sèvis òdinasyon an te pwezide anba lobedyans pastè Inexces Dumercy, pastè Séraphin Dessant, pastè Thélus Rodjino Hérad, pastè Ilsaint Dupré e pastè Léonel Mocombe. Jènn pastè François, pral genyen pou pran tèt 3 gwo kongregasyon nan Ba Nòwès peyi Dayiti, lokalite Lakoma, Pòl-Atrèl ak Bab Panyòl, kote li te deja ap sèvi depi janvye 2022.

 Antouka, tewolojyen an genyen anpil nan men li, fas ak defi 3 kongregasyon eklezyastik sila yo nan Ba Nòwès; yon sitiyasyon ki pral makònen avèk yon mastè nan Leadership organisationnel et management atravè DAI (Development Associates International).

Ke Bondye pwoteje e ranpli jèn pastè Vladymir François pandan pakou pastoral ou sasèdòs li!

Comments are closed.