ONU: Pa bliye viktim gwoudou gwoudou 12 Janvye 2010 yo

0 374

Pòtopwens___(TRiboLAND) Sekretè Jeneral Nasyon Tèt Kole yo an Ayiti fè sòti yon deklarasyon pwès atravè repwezantan espesyàl li, Sekretè Jeneral Helen Meagher La Lime kote ke yo ekspwime e rann pèp Ayisyen omaj alokazyon dizyèm anivèsè gwo gwoudou gwoudou ki te touye plis pase 200,000 moun san konte yon pakèt milye moun ki te blese.

Se yè Vandredi 10 Janvye 2020 an Branch Nasyon Tèt Kole yo ki tabli yo anndan peyi Dayiti mete chapo ba devan fòs ak kouraj pèp ayisyen pandan dis lane sa yo. Ke komemorasyon evènman trajik sa sèvi yon okazyon pou fè tèt kole pou vizyon yon Ayiti stab, demokratik, san pati pwi, e rich dapwè deklarasyon Sekretè Jeneral Sistèm Nasyon Tèt Kole yo ki an Ayiti!

 Ankò yon fwa, òganizasyon an vle reyitere volonte li pou soutni popilasyon ayisyènn nan ak tout sa yo ki vle mennen peyi Dayiti nan yon bon wout. Konsa, Sistèm Nasyon Tèt Kole yo ki nan peyi Dayiti, pwofite pou senpatize ak pèp Ayisyen e pwofite fè apèl a linite nan okazyon tris sa.

Leave A Reply