2 jenn gason trouve yo nan lopital Imakile Konsepsyon, aprè ke yo blese grav nan yon aksidan

496
2
Share:
TRiboLAND


08 – 21 – 2024

Pòdpè, Ayiti ______(TRiboLAND) 2 jenn gason nan lopital Imakile Konsepsyon nan vil Pòdpè, aprè ke yo blese byen grav nan yon aksidan nan lannwit madi 20 pou leve mèkredi 21 dawout 2024 la, sou wout 3 Rivyè a, zòn Biwo Agrikilti a.

Yon moto 110 ak yon velo fè kolizyon, pye chofè ki te sou velo a kase epi lòt la blese grav. Daprè deklarasyon youn nan chofè moto yo, li tap tante double yon machin, se nan menm moman lòt chofè ki tap monte a fwape ak li. Konsa, yo tou 2 te sou gaz, youn pat ka rive epanye lòt sitou li te lannwit.

Aksidan sikilasyon sou wout 3 Rivyè a tounen monè kourant lajounen tankou lannwit; divès moun nan popilasyon an deja viktim nan zòn sila ki reprezante gwo danje nan vil Pòdpè.

Share:

2 comments

  1. Ducasse Christopher 22 August, 2024 at 15:18 Reply

    Waw se vrèman tris men Kote sa rout la milyore lè chofè yo poze Gaz yo sé peze yo peze wi

    Triboland latortue

Leave a reply