Me ki sa ou bezwen konnen sou dosye Emile Lubin ke BLTS te arete nan zafè bato El Shadai pou trafik zam ak minisyon an.

1,356

11-05-2022

Nan ka Emile Lubin an gen 6 fè ladan’l

*Fè #1* Emile Lubin nan Prizon Pòdepè sou lòd lajistis

*Fè #2* Kabinè enstriksyon rann yon òdonans an favè Emile Lubin pou mande Pakè Pòdepè pou libere prizonye sa

*Fè #3* Pakè Port-de-Paix òdone lapolis pou libere Emile Lubin ki te arete nan kad dosye trafik zam ak minisyon au préjudice de l’Etat haitien

*Fè # 4* Responsab prizon an voye dosye a nan Direksyon Depatmantal Polis Nòdwès la pou swivi administratif

*Fè #5* Direksyon Depatmantal Nòdwès la enfòme Direksyon Jeneral Polis la de desizyon lajistis pran pou lage Emile Lubin ki te akize nan kad dosye trafik zam ak minisyon au préjudice de l’Etat Ayisyen

*Fè #6* Direksyon Depatmantal Nòdwès la ap tann feedback Direksyon Jeneral polis la pou kontinye swivi administratif yo

*Nap raple ke nan kad dosye dwòg ak zam, gen yon pwotokòl administratif andan polis la ki defini procédure pou defere yon* *prizonye lajistis ak pou libere prizonye yo* . Fòk:

1) prizonye a byen eskòte pou li al nan tribinal

2) inite espesyalize lapolis ki kondwi prizonye a ret tann tout odyans la fini pou retounen ak prizonye a, plis kò deli ki te akonpaye l yo

3) si lajistis libere prizonye a, responsab prizon an gen pou li enfòme wo komandman polis la paske prizonye a ka gen lot chaj nan DCPJ ki retni kont li

4) Responsab prizon an ap anrejistre òd liberasyon an nan rejis li, lap tann siyal siperyè li poul fè swivi administratif yo.

*Lapolis pa ka opoze a yon lòd lajistis bay.*
Nan yon desizyon jidisyè, gen 3 etap administratif nan egzekisyon yon jijman :
1) òdonans jij ki tande dosye a
2) òd liberasyon Pakè a oubyen exequatur Pakè a
3) egzekisyon lòd Pakè a, ke lapolis dwe fè

*Nan chak etap administratif sa yo, gen yon tan d’exécution* . Se kote administratif chak antite kap patisipe nan egzekisyon dosye a

1e) Òdonans lan pran yon tan pou ekri, tape teks la, anrejistre òdonans la, husye pote l nan tout enstans ki konsène yo

2e) lè li rive nan pakè, komisè Gouvènman an pran tan pou analize òdonans la, anrejistre l, answit prepare yon òd liberasyon avek kopi òdonans jij la kap anekse avèl pou li voye yon dosye konplè bay lapolis

3e) lapolis ap resevwa òd liberasyon an ak tout rès dosye a, lap bay akize resepsyon, lap verifye otantisite dokiman li resevwa yo, lap enfòme siperyè li de desizyon ki pran pou libere prizonye a, yon mannyè pou verifye si li pa gen lòt chaj ki retni kont li.

Pwoblem ki genyen an, se paske pèsonn pa okipe yo de tan administratif dosye a pran nan kabinè enstriksyon ak nan Pakè, se pa lapolis selman ki toujou deranje avoka kap defann akize a. Yo toujou enpasyan lè yo nan dènye faz egzekisyon nan kad liberasyon yon prizonye.

Cabinè Avoka nan Nòdwès

Comments are closed.