Dènye Omaj pou “Ti Frè”, Emosyon ak kesyon nan fineray Jean Restil Otandieu fè eko nan vil Pòdpè

Share:
TRiboLAND

05/03/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Dimanch 3 me 2026 la, yon gwo emosyon anvayi Lise Tertulien Guilbaud kote fanmi, zanmi ak plizyè sitwayen te reyini pou rann dènye omaj ak Jean Restil Otandieu, anpil moun te konnen sou non Ti Frè ki mouri a laj 57 lane. Seremoni an te dewoule nan yon anbyans tristès ak refleksyon, an prezans ansyen majistra Guillet Salvador ansanm ak lòt pèsonalite ak pwòch defen an. Madanm li, pitit li yo ak tout fanmiy lan te parèt boulvèse, enkonsolab devan gwo pèt sila.

Ti Frè te pase anviwon 20 lane ap sèvi kòm kesye peyè nan Mèri Pòdpè a, kote li te kolabore sou plizyè administrasyon, tankou sa yo te anba lobedyans: Guillet Salvador, Ylrick Augustave ak Josué Alusma. Lanmò li, te kalifye kòm yon swisid “pann tèt”, ki te vini kèk jou sèlman apre majistra Alusma ta sanble kase ilegalman anba grenn je lajistis yon poze sele nan pot Meri a. Anplis lanmò sispèk Ti Frè a fèt, apre enstalasyon nouvo ajan egzekitif enterimè a, Ralph Moreau, sa ki soulve anpil kesyon nan mitan popilasyon an.

Yon lòt eleman ki make fineray la se absans total nouvo responsab Mèri yo, ki pa te ni prezan ni pran lapawòl nan sikonstans sa a. Sitiyasyon sa a pa pase inapèsi nan je plizyè obsèvatè. Ti Frè kite dèyè yon fanmiy ki gen twa pitit (de fi ak yon gason), madanm li, de sè ak kat frè, pandan kominote a ap sonje li kòm yon moun ki te sèvi pandan lontan nan administrasyon piblik lokal la.

Anpil sitwayen rete kwè, nan tout peyi serye, kote ki pa genyen kòripsyon ak konplisite nan nivo lajistis, ansyen majistra Josué Alusma ak tout ansyen akolit li nan Mèri a, ta dwe pi gwo materyèl kalifyab pou yon ankèt serye sou lanmò pwòp kontab administrasyon li a, kèk jou apre revokasyon li.

Aprè antèman fin chante nan Lise Tertulien Guilbaud a, fanmiy, zanmi ak pwòch li yo te al depoze l nan dènye demè li, nan simityè Gran Fon ki trouve l nan zòn Mawotyè.

Share:

Leave a reply