Plizyè enstitisyon eskolè nan depatman nòdwès la ap manniganse pou yo ouvè pòt yo lendi kap 07 novanm kap vini la.

1,294

11-05-2022

Plizyè direksyon lekòl ap manniganse anba anba pou relouvri pòt lekòl yo nan vil Pòdpè, pandan pri gaz la, ak pri pwodui premyè nesesite yo ap moute balkon.

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Divès gwo rankont dewoule ant paran yo ak divès direksyon lekòl nan depatman Nòdwès la, patikilyèman nan site Kapwa Lamò a nan lide pou wè nan ki fason yo kapab relouvri pòt lekòl yo.

Paran yo kite move kou kong, tap eseye poze pwoblèm transpò a, bwat pou elèv yo chak maten san konte kòb ane lekòl la. Yon fòmil ki parèt enposib pou yo; sa ki ta pral okazyone divès reyinyon ta pral fini an mal makak. Pami yo, reyinyon ki tap fèt nan enstitisyon “La Colombe” lan, nan lokalite Lakoup.

Anpil paran poze pwoblematik transpò a, kote yo fè konnen, yon ti moun kap sòti anba lavil pou al lekòl anwo lavil, lap bezwen 200G ale 200G poul retounen. Yon ti moun kap sòti Senlwidinò pou vin lekòl Pòdpè lap bezwen yon total 1000 G, chak jou, san konte sila yo ki ap sòti nan tèt mòn.

Yon lòt bò, paran yo kesyone pri pwodwi premyè nesesite yo, ak tout materyèl eskolè yo yo di kipa janm sispann monte sou mache a, pri twal inifòm, valiz, liv ak kaye bay paran gwo tèt fè mal. Yon gode diri ap vann 125G, yon gode pwa 250G, san konte lwil la ki vin tounen yon kalvè pou fanmiy yo nan depatman Nòdwès peyi Dayiti.

Fas ak tout obstak sa yo, paran yo nan depatman an deklare ke yo poko pare pou voye ti moun yo lekòl. Sepandan, yo fè konnen, si tout fwa Premye Minis defakto a, Ariel Henry rann gaz la rantre nan Ponp yo, desann pwodwi premyè nesesite yo, epi fasilite yo jwenn aksè ak materyèl pou ti moun yo, yap kapab fè ti nosan yo pran wout lekòl.

Comments are closed.