Nòdwes/Asenisman : FSTTNO ak STMPP mete sou pye yon aktivite asenisman nan vil Pòdpè

3,057

05-15-2022

Pòdpè_____(TRiboLAND) Fowòm Sendika Travayè- Transpòtè Nòdwès ki genyen nan tèt li, Marcel Similien nan tèt kole ak Sendika Taksi Moto Pòdpè sou direksyon Jorace Métayer, òganize nan vil Pòdpè yon kokenn chenn aktivite asenisman nan lide pou netwaye site Kapwa Lamò a.

Aktivite sa a,te rive touche epi netwaye ri Durmasais Estimé ak ri Stenio Vincent jiska wonpwen vil Pòdpè a.
Lidè FSTTNO, msye Marcel Similien jije l nesesè pou vil la kenbe eskanp figi l nan zafè salibrite. Konsa, li deside nan menm lojik sa a, mete sou pye yon aktivite an pèmanans sou pon twarivyè a, nan lide pou rele koukouwouy dèyè labou ki toujou ap dodomeya sou pon sila chak fwa lapli fin tonbe

Prezidan Fowòm Sendika Travayè-Transpòtè Nòdwès la pwomèt yo pap lage vil la pandan li soulinye nan moman fèt sendika yo, ki pral vini la a, aktivite asenisman yo pral redemare.

Comments are closed.