Lapolis nan Nòdwès woule divès avoka ak kout baton ki tap reklame liberasyon Mèt Michelet Virgile

07-12-2022
Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Lapolis nan depatman nòdwès la,pilonnen anba koko makak ak gaz lakrimojèn, yon latriye avoka nan touprè komisarya site Kapwà Lamò a nan aprèmidi madi 12 jiyè 2022 a.
Nan lide pou pote solidarite ak ansyen komisè gouvènman a.i pakè Pòdpè a, Mèt Michelet Virgile ke DCPJ te pase lòd ak PNH branch Nòdwès la, pou arete; divès demach te rive fèt nan komisarya a Pòdpè a yon mannyè pou rive mete deyò ansyen chèf pakè a ke yo estime ki jwenn arestasyon li san manda ak respè prosedi legal yo.

Lapolis la kite deja mobilize kont avoka yo nan sans sa, woule divès avoka anba koko makak san konte izaj gaz lakrimojèn ki lakòz divès jounalis viktim nan moman je yo tap koule dlo nan kouri. Pami avoka viktim yo nou jwenn: Mèt Jean Baptiste Jean Risner ak Ilrick Petit Frère, yo tou 2 gen ponyèt kase.
Nan sans sa a, avoka yo nan Bawo Pòdpè a sèmante sèt fwa swasant disèt fwa, yo pap bay vag tout otan yo pa libere ansyen komisè gouvènman pakè Pòdpè a; e menm menase yap fèmen pòt tout tribinal demen byen bonè nan maten.






