Yon moun mouri nan yon aksidan motosiklèt nan lokalite Marigo 4è seksyon Rivyèba.

932

05-30-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Gede Nelson se non yon pèsonaj ki mouri nan yon kolizyon ant 2 motosiklèt youn aprè lòt kite sot pran plezi sou plaj.

Selon kèk temwen se nan moman Gede Nelson tap travèse lari a, yon moto “bèl bebe rabòte” jete l atè, e finalman yon lòt moto “haojin” pase sou tèt li e mete fen nan lavi li.

Paran viktim nan twouve yo nan gwo difikilte pou jwenn jij depè pou fè konsta a; kote yo ta fè kwè jij Ederne Lubin te reklame 7,500 goud pou konsta a, piske se 5000 goud yo te ka posede. Kò viktim nan ale nan mòg san konsta legal.

Paran viktim nan pou koulya pa konn ki sen pou yo rele ap mande otorite yo ede nan fason yo kapab pou yo jwenn yon solisyon nan pwoblèm nan. Selon enspektè Ermane, gen yon motosiklèt ki lakay li jiskoulya lapolis pa vin chèche l; alòske pou lòt moto a menm, chofè a te pran pran lafwit.

Byen lontan komin nan ap monte yon maswife nan domèn jistis ak yon ti granmoun pansyonè leta kenbe kòm inik jij nan tribinal depè Senlwidinò a ki te gen ladan’l 3 jij depè.

Comments are closed.