Yon eksplozyon gaz lakòz pou pi piti 3 kay pase anba flanm dife.

2,860

05-15-2022

Tomasik____(TRiboLAND) Pou pipiti 3 kay pase anba flanm dife, se bilan yon eksplozyon gaz nan zòn Tomasik.

Dapwè enfòmasyon ki rive nan sal redaksyon TRiboLAND atravè 2 temwen, dram sila rive anrejistre akòz yon fanmi kite estoke gaz anndan yon kay e ki ta pral lakòz rapid, rapid 2 lòt kay pran dife.

Malgre popilasyon an te fè tout sa yo kapab avèk sekou yon kamyon dlo, sa pat anpeche dega yo miltipliye.

Anfen, sou gouvènman Ariel Henry a, kay ak moun pa janm sispann pase anba flanm dife, malerezman premye Minis lan ak akolit li yo pa fè prèv de antite ki genyen bonsans, responsablite ak gouvènans fas ak yon parèy fenomèn sila.

Se yon veritab tchanpan ak galimatcha le ou annafè ak yon gouvènman retade!

Comments are closed.