Divès Superstar bese byen ba devan lamò Mama Cax

0 871

(TRiboLAND) Ayisyen Ameriken byen koni fashion modèl avèk mobilite redwi, Cacsmy Brutus alyas (Mama Cax) mouri Lindi 16 Desanm 2019 la apwè ke li te ospitalize pou yon semènn, dapwè sa moun te ka li sou kont Instagram Cax ayè Vandredi a. “Mama Cax pase tout yon semènn lopital, malerezman Lindi ki te 16 Desanm 2019, li di lemonn babay.”

Semènn pase, Cax, nan yon post ke li te fè sòti te deklare bay fanatik li yo ke li remake yon ti boul san nan janm li, nan abdomen li e tou pwè yon ti aparèy filtè (IVC, Vena Cava Inferyè, ki kapab anpeche boul san moute nan poumon yon moun), ke li te toujou genyen depi lè li tap pran tretman pou kansè avan an.

Ayisyen Ameriken fashion model, Cacsmy Brutus alyas (Mama Cax)

Se tout yon monn selebwite ki mobilize sou rezo sosyal yo pou yo bese yo byen ba devan vwayaj vanyan fanm sa ki te genyen nan li konbativite ak rezistans non sèlman pou sumonte anpil obstak lavi a, men pwan defans sa yo ki panse domaj fizik yo kapab anpeche yo akonpli mèvèy ke yo pat espere. Lejann fashion modèl la jwe yon gwo wòl nan evolusyone fashion show Savage X Fenty a. Li te batay anpil pou derasine eksklusivite nan endistri fashion nan.

Anpil selebwite salye avèk tristès disparisyon Cax. Pou nou site sa yo sèlman, Aktris Jameela Jamil salye depa Cax, yon endividi ke li konsidere kòm youn ki “se modèl ki pi ekstrawòdinè.” Yon lòt kote Superstar Chantez Rihanna bese byen ba pou swete kondòleans nan okazyon tris sa. Li deklare nan yon twit:” Se yon rènn, yon fòs, se yon monuman bote ki te pote fòs sou podyòm savage X Fenty a ane sa; li enspire anpil anpil moun atravè tout glob tèrès la. Repoze avèk Pwisans Sè mwen Mama Cax.”

Cax, te pwemye fashion modèl avèk yon janm pwostetik ki te arive mache ou patisipe nan yon fashion show nan Maison Blanche nan ane 2016. Ke nanm li repoze ak Lapè!

TRiboshion

Kredi foto: instagram

Leave A Reply