Direktè Jeneral OFATMA a drese yon tablo raketè kont ansyèn administrasyon an.

2,402

05-15-2022

Pòtoprens____(TRiboLAND) Nan yon echanj ak lapwès, Direktè Jeneral Ofis Asirans Aksidan Travay, Maladi ak Matènite a, Dr.Carl François drese yon afich kè sere ki pa jwe anfavè ansyèn administrasyon bwàt lap dirije a.
Pou Direktè François, OFATMA afekte jouk nan zo ak kòripsyon akòz yon volim chèk zonbi ansyèn administrasyon Agabus la kite.

Nan sans sa a, Carl François fè konnen kantite moun ki vin travay yo pa koresponn ditou ak kantite moun ki sou pewòl. Swà yon bidjè 70 milyon goud pou anviwon 2 200 anplwaye.

Direktè a rapouswiv pou l di, malgre ansyèn administrasyon an kite tout tras kòripsyon sa yo, sa pa anpeche genyen gwo dèt ke kòriptè yo kite e lakòz OFATMA ap gro sakad nan mache bwàte.

Direktè Jeneral la nan sans sa a, pwomèt ak popilasyon an li pral rakousi efektif anplwaye yo kap pèmet yo epanye anviwon 60 milyon goud yon mannyè pou enstitisyon OFATMA kapab reprann jarèt.

Comments are closed.