Fineray Me Monferrier Dorval ap chante vandredi 18 septanm prochen

271

09\07\2020

Aprè yo te fini ap prosesis otopsi kadav la, fanmiy Me Monferrier Dorval genyen posesyon kò a. Konsa, fineray dèfen an programe pou fèt vendredi kap 18 septanm prochen nan Legliz Saint-Pierre nan Petion-Ville a 9:00 nan maten.

Me Monferrier Dorval ki te gen 64 lane, doktè nan dwa, profesè konsome an dwa konstitisyonèl nan yon latriye inivèsite, juris enpekab e batonye a lòd avoka Pòtoprens yo, te asasine lachman anba bal yon sangwen pandan li tap antre lakay li nan sware ki te vendredi 31 out 2020.

Me Dorval asasine nan Pèleren 5 nan Petion-Ville, tou pre rezidans prezidan Jovenel Moise. Yon lanmò ki soulve anpil endinyasyon nasyonal ak entènasyonal e ki lage pouvwa a nan anpil trese lèl ak jimnastik.

Comments are closed.